Elve bèt nan lakou a se youn nan pi ansyen fason pèp ayisyen an asire lavi li. Nan kad mouvman Thòy'Art la, pwojè elvaj kochon an chita sou menm lespri ak rès aksyon nou yo: retounen nan metòd zansèt yo, sèvi ak resous lokal, epi bati otonomi nan kominote a.
Olye nou depann sou pwodui ki soti deyò, n ap montre kijan yon fanmi ka elve kochon ak sa tè a bay: rès rekòt, plant lokal, ak yon swen ki respekte ritm lanati. Konsa, chak lakou vin yon ti espas pwodiksyon ki bay manje, revni ak diyite.
Galri


Plis kochon nan lakou a
Rejim asòsi pou kochon
Pwojè sa a montre yon verite senp: lè yon kominote pran swen sa li genyen, li sispann tann epi li kòmanse bati. Se sa Thòy'Art ap defann — yon pèp ki konsyan de istwa li, epi ki kanpe sou pwòp pye li.
0 Kòmantè