Elvaj kochon nan lakou a

Elvaj kochon nan lakou a

Elve bèt nan lakou a se youn nan pi ansyen fason pèp ayisyen an asire lavi li. Nan kad mouvman Thòy'Art la, pwojè elvaj kochon an chita sou menm lespri ak rès aksyon nou yo: retounen nan metòd zansèt yo, sèvi ak resous lokal, epi bati otonomi nan kominote a.

Olye nou depann sou pwodui ki soti deyò, n ap montre kijan yon fanmi ka elve kochon ak sa tè a bay: rès rekòt, plant lokal, ak yon swen ki respekte ritm lanati. Konsa, chak lakou vin yon ti espas pwodiksyon ki bay manje, revni ak diyite.

Galri

Thòya ap pran swen kochon an nan lakou a

Yon moman ak kochon an nan elvaj la

Plis kochon nan lakou a

Rejim asòsi pou kochon

Pwojè sa a montre yon verite senp: lè yon kominote pran swen sa li genyen, li sispann tann epi li kòmanse bati. Se sa Thòy'Art ap defann — yon pèp ki konsyan de istwa li, epi ki kanpe sou pwòp pye li.

0 Kòmantè

Kite yon kòmantè